Your Ad Here
View RSS Feed

Deessehaitienne

Azor

Rate this Entry
Quote Originally Posted by Deessehaitienne View Post
Claudy Divine

Brother Lenord Fortune, AKA Azor racine mapou ou fe cheminw amoni amono nan kafou Jeriko e nan tout kote nan tout kwen nan tout peyiw pase ou Mennen racine mizik lakay avew paske ou gen lanmoun pou kilti nou an, kote ou fe nwa ...dance, ou fe blan dance, ou fe jone dance avek youn nan mizik ke nou ka rele e nou dwe rele pa nou, nou rich an kilti men anpil nan nou oliye ke nou kembe sa nou genyen poun fel pi bel pi klere poun fe le monde rekonet li kom kilti nou men nou trouve ap voyel jete pendan ce tan brother Azor pace an Chine li fe mevey, li pace nan United States li fe mevey, li pace nan Canada li fe mevey, an Afrik ce pa pale wadi nou pagen nan men nou.

li fe tout sa avek yon mizik yon son ki rele Racine ke nou leve avel, ki nan san nou, li nan kote lonbrik nou antere, kote lonbrik zancette nou yo te te koupe, etrange ki estrange vle konnen ki sa ki racine nan men ce pa jouda yo jouda, yo renmen janl sonnen, yo renmen marriage ki soti nan fon manman tanbou nou yo ak bagette peyi lakay. Mwen gen yon bon zanmi ki rele Chenet Nerette ki toujou ap repete tout kote moun ka tande vwal micie toujou ap di piga nou tan le yon moun fin ale poun al pote fleur pouli.

Parol moun ak lizage, men mwen menm map di piga nou fin kite etrange fin adopte kilti racine nou ak tout lot kilti nap rechte poun komance voye pie paceke gen ampil nan nou ki refizel, nou di ke li ce yon son modi, yon son malere men lew wap gade ce pa sa racine vle di, ce pa sa vodou vledi, racine ce folklore ke nou tout te leve ap dance nan tout lekole.

Nan tout joune recreative, nan piece teyat ke nou te kon aprecie avank te geyen pefomance rap, ke nou ka we ki vin pran place racine folklore a, ce pa di map di mwen pa renmen rap mwen pagen problem ak sa mwen renmen rap kreole mwen kote tan lontan say o ale gras la mize rikod. Nou dancel sou tambou, bokite la kembe dlo lajounen nan nuit menm bokite sa nou fel tounen tanbou poun ka dancel, nou fe mamite tounen tanbou poun ka dancel chak instriman sa yo sonen yon jan diferan avek sa ou we ti mari pa moute ti mari pa desan nou tout makonen ansam pou dance folklore, men pouki sa nou vin rive nan yon tan kote nou paka anbracel.

Nou déjà ce yon pep ki pa gen trop men sa nou getan geyen an nou paka ap jetel pandan ke gen lot nation kap etidiel pou yo kon sak ladan, gen anpil lot nation ki déjà kopie mizik racine nan sou nou, yo relel yon non ki fe yo plezi, yo melangel ak lot bagay pou yo ka jwen originalite kilti payo men son tanbou a ap toujou rete son racine nou an.

Sa map di nan sa frem, sem, ayicien, ayicienne, citwayen, citwayenne, abitan peyi lakay depi tanbou frappe nou tout leve dance, ranmace kilti nou manyen fe bien avel. Brother Azor cheminw tap trace ya chemin ou te trouvew ladan nan poko e li pap janm bout wap toujou rete nan mwen nan zorey an mwen e nan tout moun ki konen sa racine vle di. Wale a 46 ans D’age de vive pa anyen R.I.P. Brother Azor kiles kap cele chwal la pou ou pendanw pwal sou lot chemin sa ke bondie ouve pou ou.
Categories
Uncategorized

Comments